1.
Rédanmtè mwen mouri sou la kwa
Pou moun kapab viv ki résévwa-l
Li vin-n rachté tout moun nan péché,
Si nou kwè, nou papé kondané.
Kè:
Lé Bondye wè yon péchè (2x)
Tout kouvri avèk péché-l.
Mét la fwa'w nan Jézi, la padone'w.
2.
A! ou mèt pi méchan sou la tè,
Kè ou mèt du tankou yon bout fè,
Si ou vi-n jweinn Jézi pou Sovè
Tout syèl la kontan ou delivré.
3.
Bondye bon, li ban nou pitit li,
Pandan nou gen la vi, répanti,
Paské kòlè Bondye sé difé;
Kouri, vi-n sòti anba malè
4.
Vi ou dwe pwòp tankou Jézi-Kri,
San-l va lave ou, wa gen Léspri.
Vini! Vini! Tan an ap pasé;
Si ou mizé twòp, sa ou va fè?