A la yon Zanmi se Jezi,
Tout peche nou se chaj li!
A la yon byenfè: pou pote
Penn ba li nan la priyè!
Konbyen fwa la pè nou pèdi,
Konbyen chagren nou sibi;
Pouki? PasKe nou pa pote
Tout ba li nan la priyè.
2.
Si gen tantasyon ak touman,
Ou traka nenpòt kouman,
Nou pa pou janm dekouraje:
Jezi la nan la priyè.
Ki lès zanmi ki si fidèl,
Ki fè nanm bliye doulè-l?
Jezi konnen sa feblès ye:
Jwenn ak li nan la priyè.
3.
Nou santi-n fèb?
Nou pa kapab?
Ki lès flo nape pase?
Sovè a di li responsab:
Jwenn ak li nan la priyè.
Si zanmi ou yo bliye ou,
Di Jezi-I, Ii tande ou.
Lape tann ou, bra li louvri.
Jezi vle ba ou la vi.